top of page
Rechercher

Demand nouvo Paspò

DOKIMAN KI NESESÈ POU YON MOUN MANDE FÈ YON PASPÒ

Paspò a se yon dokiman pou pèmèt moun vwayaje. Pou ka jwenn li, moun kap mande la dwe bay orijinal dokiman ki nan lis ki anba a:

  • Premye paspò (granmoun)

  1. Ekstrè Achiv Nasyonal oswa Batistè (ak 2 kopi ke moun ka li fasil)

  2. Kat Idantite Nasyonal (CIN) (Li pa obligatwa)

  3. Nimewo Enskripsyon Fiskal (NIF), ke DGI bay (li pa obligatwa)

  4. 4 foto koule 2 x 2 kigen fon blan

  5. Pwa (Konbyen ou pese) ak wotè.


Anplis de dokiman ke yo mande la, lè yon moun marye oubyen te marye, men sa w ap

bezwen:


  1. Tout non maria oswa madanm lan, dat ak peyi kote maria fet oswa madanm

nan, li dwe baytou dat maryaj la

  1. Sètifika maryaj orijinal la pou fanm marye;

  2. Sètifika divòs la, sise fanm divòse;

  3. Sètifika lanmò mari a, si se fanm ki gen mari l mouri,


  • Renouvèlman paspò (granmoun)

Nan ka sa yo:

  1. Paspò ki fini

  2. Chanjman nan enfòmasyon pèsonèl (si genyen)


Men papye yo mande:

  1. Ekstrè Achiv Nasyonal la oswa batistè a (ak 2 kopi ke moun ka li fasil);

  2. Kat Idantite Nasyonal (CIN) (Pa obligatwa);

  3. Enskripsyon fiskal (NIF), delivre pa DGI la (Pa obligatwa)

  4. 4 foto koulè 2 x 2 ki gen fon blan;

  5. Kopi premye paj paspò ki fini a;

  6. Nan ka paspò paj li fini, orijinal la obligatwa.


  • Paspò pou minè


Prezans timoun nan oswa adolesan obligatwa lè yo vin mande fè paspò a. Men pyès nou

dwe pote:

  1. Ekstrè Achiv Nasyonal la oswa batistè a (ak 2 kopi ke moun ka li fasil);

  2. Enskripsyon fiskal (NIF), ke DGI bay (pa obligatwa);

  3. 4 foto koulè 2 x 2 ki gen fon blan

  4. Youn nan paran minè a oubyen moun ki responsab timoun nan devan lalwa ou moun

ke paran yo bay manda devan yon notè pou fè paspò a, dwe siyen yon otorizasyon

devan Konsil lan pou fè paspò a. Papye sa a ap koute di dola meriken ($ 10).

  1. Moun ki akonpaye minè a dwe mache ak paspò li.



DOKIMAN KI NESESÈ POU YON MOUN MANDE YON BATISTÈ OUBYEN YON

EKSTRÈ ACHIV

Dokiman yo mande pou fè yon batistè (pou timoun ki gen ant 0 a 3 zan)


  • Papye Junta Central Electoral remèt paran an ak yon kopi

  • Papye lopital kote timoun nan fèt la ak yon kopi (ke yo rele papye kabann). Papye sa obligatwa

  • Paspo oubyen kat elektoral r manman oswa papa timoun nan ak yon kopi

  • Kopi paspò oubyen kat electoral +2 temwen.


Pou yon moun mande yon ekstrè achiv, men sal bezwen :

  • Yon kopi akdenesans li. Anbasad la oubyen Konsila ap voye fèl nan Direksyon Jeneral Achiv Nasyonal ki Potoprens. Ekstrè ya koute senkant ($50) dola Ameriken.


Ekstrè achiv ki te fet anvan ane 2000 pa valab pou fe paspo. Se yon lot ekstrè ki pou

fèt.


NOU DI AK TOUT PARAN KI FÈ PITIT ALETRANJE


Daprè Konstitisyon Peyi Dayiti, tout timoun ki fèt aletranje, swa papa yo oswa manman

se ayisyen, dwe deklare nan Anbasad oubyen Konsila Ayisyen ki pi pre a, pou yo ka jwenn

yon akdenesans ki ka pèmèt yo fè lòt dokiman kou we paspò.


LIS PRI PASPÃ’

NAN ANBASAD AK KONSILA AYISYEN NAN SENDOMENG


TIMOUN

  • Paspò pou timoun ap dire 5 kan, li koute…………US$ 70.00

  • Paspo ijans timoun koute…………US$ 130.00

(ljans US$ 30.00 plis frè pou fè chèk US$ 30.00)

  • Paspò ekstrèm ijans timoun koute…………US$ 160.00

(ekstrèm ljans US$ 60.00 plis frè pou chèk la US$ 30.00)

  • Otorizasyon paran an, koute…………US$ 10,00


GRANMOUN

  • Paspo pou granmoun ap dire 10 zan, li koute…………US$ 140.00

  • Paspò ijans granmoun koute…………US$ 200.00

(ljans US$ 30.00 plis frè pou chèk la US$ 30.00)

  • Paspò ekstrèm ijans granmoun koute…………US$230.00

(ekstrèm ljans US$60.00 plis frè pou chèk la US$ 30.00)


LI TAP BON POUN KONNEN KE

  • Paspò ijans yo ap pare sou 20 jou, san konte samdi, dimanch ak lot jou nan semenn lan ki pa gen travay

  • Paspo ekstrèm ijans ap pare sou 15 jou, san konte samdi, dimanch ak lot jou nan semènn lan kin pa gen travay

  • Tout lot Paspo ap livre aprè 3 mwa



bottom of page