top of page

POU MOUN MARYE NAN ANBASAD LA

​

Fok 2 moun ki vle marye yo se ayisyen ( nou pa fè maryaj pou moun ki natiralize, ni etranje)

  • Y’ap gen pou yo depoze dokiman sa yo:

  • Ekstrè achiv original avèk kopi.

  • Kopi paj ki genyen foto nan paspò a, avèk  original paspò an tou.

​

SONJE BYEN: Fok paspò yo pa ekspire, fok yo rete plis ke 6 mwa valid sou yo.

​

  • Y’ap bezwen 2 moun ki pou sèvi yo temwen. Temwen sa yo sipoze 2 Ayisyen oubyen 1 Ayisyen yon etranje. Yo dwe pote kopi sedula dominiken moun ki etranje an vini, e pou ayisyen an kopi paspò valid li.

  • Yon sel moun ka vini depoze dokiman sa yo. Jou sa a, li ap gen pou li peye 60 dola ameriken nan kès Anbasad la.

  • Y’ap ba yo randevou pou yo tounen sou 3 jou laborab (jou ferye ak samdi dimanch pa konte) pou fè demand maryaj la.

  • Jou sa a 2 moun k’ap marye yo avèk 2 temwen yo dwe vini, e y’ap gen pou yo pote rès kòb la ki se 50 dola ameriken POU AK MARYAJ LA.

  • Aprè 3 jou sa yo, sou 15 jou (jou ferye ak samdi dimanch pa konte) 4 moun yo( 2 moun k’ap marye yo avèk 2 temwen yo) ap gen pou tounen nan Anbasad la pou selebrasyon AK SIVIL LA.

  • Ofisye Eta Sivil la ap remèt AK MARYAJ LA menm jou sa.

  • Si youn nan moun ki vle marye yo ap viv a letranje, fòk li pote papye sètifika selibatè li depi nan peyi li ap sòti an.(li preferab pou ak selibatè sa fèt nan anbasad ou konsila aysyen ki pi prè moun nan).

  • Si youn nan moun ki vle marye yo ap viv AYITI, fòk li fè sètifika selibatè li depi Ayiti e fòk li legalize dokiman sa a nan Ministè Afè Etranjè.

 

​

ENPÒTAN:  SI YOUN NAN MOUN KI VLE MARYE YO DIVÒSE OUBYEN VÈF, FÒK LI POTE AK DIVÒS LAN OUBYEN AK DESÈ AN VINI, E SI SE PA LETA AYSYEN KITE BAY DOKIMAN SA YO FOK YO TRADWI EPI LEGALIZE.

​

SONJE BYEN: Moun pa siyen pou moun, temwen nou bay yo se yo ki pou vini jou sa yo. Demand lan ap pibliye sou yon tablo nan antre Anbasad la pandan 15 jou laborab.

​

​

​

POU MOUN DEPOZE AK SELIBATÈ NAN ANBASAD LA

  • Kopi Ekstrè achiv, avèk original la

  • Kopi paj ki genyen foto nan paspò an, avèk original la

  • 2 moun ki pou sèvi temwen. Temwen sa yo sipoze 2 Ayisyen oubyen 1 Ayisyen yon etranje. Yo dwe pote kopi sedula dominiken moun ki etranje an vini, e pou ayisyen an kopi paspò valid li.

  • 30 dola ameriken ke li ap peye nan kès Anbasad la.

  • Lè li fin depoze dokiman sa yo, sou 3 jou laborab(jou ferye ak samdi dimanch pa konte) li menm avèk moun li te bay pou temwen yo ap vini pou yo ka siyen AK SELIBATÈ A.

  • Y’ap remèt li dokiman menm jou sa.

​

SONJE BYEN: Fok paspò a pa ekspire, fok li rete plis ke 6 mwa valid sou yo.

​

​

​

AMBASAD LA GEN TOUT DWA POU LI CHANJE DAT RANDEVOU YO.    

   Pou plis enfòmasyon rele nan: 809 686 7115 ext:1980, 1941 OUBYEN 829 222 1981

​

​

bottom of page